Sou ASFH

Asosyasyon Saj Fanm Ayiti

Notre Mission

Misyon Nou

Travay pou ranfòse konpetans, pwomosyon pwofesyon ak otonomizasyon saj fanm yo ann Ayiti.

Asosyasyon Saj Fanm Ayiti (ASFH) se yon asosyasyon pwofesyonèl ki angaje nan pwomosyon, ranfòsman ak valorisasyon pwofesyon saj fanm ann Ayiti. Li travay pou garanti tout fanm, tibebe ak adolesan yo aksè ekitab a swen sante seksyèl, repwodiktif, matènèl ak neonatal ki bon kalite.

ASFH vize ranfòse konpetans saj fanm yo, amelyore kalite swen, pwomouvo dwa fanm ak enfliyanse politik piblik nan sante. Li mete nan kè aksyon li yo yon apwòch ki santre sou dwa imen, respè, ekite ak diyite pasyan yo.

Notre Vision

Ke swen pratik saj fanm yo ekitab, enklizif ak respektye, defann dwa sante matènèl, neonatal, seksyèl ak repwodiktif pou tout moun nan chak etap lavi yo.

Statut légal

Association professionnelle enregistrée en Haïti. Fondée en 2004 sous le nom AISFH, rebaptisée ASFH en 2022.

Nos Valeurs

Respè ak Diyite

Nou angaje nou pou bay swen ki respektye, pran an kont dwa ak diyite chak fanm.

Imanite ak Bienveyan

Nou mete imen an nan kè aksyon nou yo, asire yon akonpayman enpatin ak atansyone.

Ekselans ak Pwofesyonalis

Nou garanti swen wo kalite, ki baze sou pi bon pratik ak prèv syantifik yo.

Aksesibilite ak Ekite

Nou milite pou aksè ekitab a swen matènèl ak neonatal, espesyalman pou popilasyon vilnerab yo.

Istwa Nou

Moman kle nan istwa ASFH depi fondasyon li

2004

Kréyasyon AISFH ann Ayiti

Kreyasyon Asosyasyon Enfimyè Saj Fanm Ayiti (AISFH), ki rasanble premye kochò enfimyè saj fanm peyi a.

2020

Lanse platfòm ALO SAJ FANM

ASFH lanse platfòm telefònik ALO SAJ FANM, bay fanm yo aksè dirèk a konsèy sante seksyèl ak repwodiktif.

2022

AISFH vin ASFH

Chanjman non ann Asosyasyon Saj Fanm Ayiti (ASFH), ki make yon evolisyon estratejik pou ranfòse vizibilite pwofesyon an.

2022

Premye konferans nasyonal saj fanm yo

Òganizasyon premye konferans nasyonal saj fanm ann Ayiti, kreye yon espas echanj ak pledwaye sou pwofesyon an.

2026

Ranfòsman enstitisyonèl ASFH

ASFH kòmanse yon nouvo faz devlopman ak ranfòsman gouvènans li ak nominasyon yon Direktris.

Patnè Nou yo

Ansanm pou plis enpak

Ansanm, ann sove lavi

Sipò ou pèmèt ASFH kontinye fòme saj fanm yo ak akonpaye dè milye fanm atravè Ayiti.